Skip to main content
TSAlTSA5TpM5GfC0GfWoBUO6Td==

Headline

Search

BROCHURE#5 PEYI NOU PAT KRAZE, NI LAVI PAT CHÈ

 

Jèn nan jerasyon m, lè manman nou te kònn voye n nan mache, lavi pat chè. Avèk yon ti senk kòb wouj yo, nou te konn achte yon kòb siv, yon kòb pwav, yon kòb jiwòf, yon kòb lay e yon kòb pèsi.

 

Avèk ti senk kòb wouj la, timounn te kònn achte yon wayal: wayal la, se te kasav ak manba ki gen souli sòs salèz ki te fèt avèk zonyon oswa echalòt.


Avèk ti senk kòb wouj la, timoun lekòl te konn achte yon fresko, oubyen yon ti vè pistach griye, oswa yon chanmchanm. Chanmchanm lan, se pistach griye ak mayi griye, moulen ansanm, e yon mete plizyè kiyè nan yon fèy papye solid. Ou pa bezwen mande ki kantite dlo timounn te konn bwè, paske lè nou finn manje chanmchanm lan, nou te santi n kore. Tout sa yo, sete altènativ timoun te genyen nan tan lontan, nan moman rekreyasyon.



Lè maten, anvan n al lekòl, nou te konn manje mayi moulen ak aransò, oubyen mayi moulen ak zaboka, oubyen pen bere ak manba avèk akasan. Pat genyen zafè kònflèks enpòte. Sa w tande a, nou genyen enèji pou n fonksyone pandan tout jounen an.  

Men elas, c’était le bon vieux temps, qui part si loin, et qui tarde à revenir, mais qui reviendra à coup-sûre avec Dr. Roland Fleurizier, le Secrétaire Général du MNPRH  (Mouvement des Nationaux Progressistes pour le Redressement d’Hayti).

Jounen jodi a, peyi a bezwen kantin eskolè ak restoran inivèsitè. Jounen jodi a, peyi a bezwen: des écoles professionnelles, écoles d’éducation civique et morale, à l’intérieur de Centres d’accueil et de réinsertion sociale pour les enfants de la rue, les enfants orphelins et les enfants soldats. Peyi a bezwen pou sistèm kanalizasyon yo refèt, pou netwaye tou ego, pou n konstwi nan mòn yo sa Agwonòm yo rele courbes de niveau  pou n evite ewozyon, eboulman, glissement de terrain, tè arab kap glise al nan lanmè, fòk nou konstwi Gabyon (sa yo rele grillages en pierres sèches), et plus en aval des collecteurs d’alluvions pour avalanche de d’ébris et coulées de boue pa al envahi mounn ki konstwi anba mòn yo. Konsa na evite inondations, pertes en vies humaines et pertes de bétails, tankou bèf, kabrit.

Epitou, fòk  nou asfalte anpil wout, avan pou n ta panse al nan eleksyon malatchong. Poukisa nou di saa?


Jounen jodia,

1)    genyen preske 800 mil kat elektoral ki soti omwen 2fwa nan bases de données Ofis Nasyonal Idantifikasyon (ONI);

2)    genyen 1 milyon 500 mil moun ki kouri kite depatman Lwès, sa ki reprezante preske 65% kò elektoral la . Nan kondisyon sa yo, kijan nou vle kite eleksyon pike kole pran an organize nan Peyi a ? Kidonk, entansyon yo, se kenbe pouvwa, au-delà du 7 fevrier 2026.

 

Cela une fois compris, le MNPRH demande vivement à la jeunesse haytienne, aux hommes et femmes du pays en dehors, aux hommes et femmes de loi, à la Diaspora haytienne et aux intellectuels de tout acabit, de former un faisceau derrière le Secretaire General du MNPRH pour la gouvernance provisoire du pays, pendant trois ans, et MNPRH promet de vous faire Cadeau du reste, car il est capable de créer des milliers d’emplois en un temps records, et restaurer l’autorité de l’Etat en Hayti. Poum pwopte kay la, fòk mwen antre anndan l. Depuis 2009, Hayti est livre aux vautours. À bon entendeur (…)!

 


BROCHURE#5 PEYI NOU PAT KRAZE, NI LAVI PAT CHÈ
Next Post

0Comments

S-P-R-I-N-T-E-R-(2)
S-P-R-I-N-T-E-R-(2)
S-P-R-I-N-T-E-R-(2)
© Copyright - mnprh. All rights reserved.